Pou mwen, klas sa a se pa yon klas ki abstrè.
Nou li dè seri de dokiman ki trè teyorik nan lengwistik, nan istorik, sosyoloji, sikoloji, antwopoloji.
Men, nan tèt mwen, mwen toujou vle pou etidyan yo ka pran sa y ap aprann lan pou yo aplike l nan vi yo, nan yon jan ki pozitif.
Pou yo chanje vi pa yo, vi fanmi yo, vi kominote yo, vi peyi yo menm.
Nan ka pa m kòm Ayisyen, mwen konprann ki jan lang avèk atitid sou lang se youn nan blokaj ki anpeche peyi a devlope.
Ou wè?
Men, an menm tan tou, nou jwenn menm pwoblèm lan nan fanmi, nan kominote, nan diferan vil oz Etazini, nan lòt kote ann Afrik, nan Amerik Latin.
Donk, m ta renmen pou etidyan yo, pou yo konprann sitiyasyon lang avèk idantite, lang avèk edikasyon, lang avèk devlòpman, pou yo rive aplike sa y ap aprann lan nan vi pa yo, nan kominote pa yo.
Donk, m te trè kontan lè, pa egzanp, m te reyalize ke youn nan etidyan ki te nan klas mwen, jounen jodi a, li se yon volontè nan yon pwogram 2 lang k ap fèt Mattapan (2 lang: kreyòl ak angle) kote timoun yo, nan jaden d anfan avèk premye ane, y ap aprann nan 2 lang yo.
E li menm, kounye a, avèk kominote sa a ke l ap ede, li ka sèvi avèk sa li te aprann nan klas la.
Li aplike l, kounye a, nan yon egzanp konkrè pou l ede timoun nan Mattapan k ap aprann nan yon pwogram an 2 lang ki se kreyòl ak angle.
Donk, pou mwen, se yon rèv ki vin yon reyalite, pou m wè ke klas mwen yo ka sèvi kominote nan vi tou lè jou yo, nan vi konkrè yo, pou n ka gen yon demen miyò pou timoun sa yo.