Meet the Educator (Creole)

Flash and JavaScript are required for this feature.

Download the video from Internet Archive.

Mwen rele Michel DeGraff.

Mwen se pwofesè lengwistik nan MIT.

M ap anseye lengwistik nan MIT depi 20 an.

Plis ke 20 an: 21 an.

Epi se mwen menm k ap anseye kou sa a ki se yon kou sou lang kreyòl epi idantite nan Karayib.

Rechèch mwen se sou devlòpman avèk chapant lang kreyòl yo.

N ap eseye konprann kouman lang sa yo te kreye.

Pa egzanp, ann Ayiti, nan 17yèm syèk, 18yèm syèk, kouman lang kreyòl la te vin parèt apati kontak ant lang franse epi lang afriken.

Epi, an menm tan tou, gen yon aspè nan rechèch mwen ki konsène itilizasyon lang kreyòl yo nan ansèyman.

Kouman nou dwe sèvi avè yo pou devlòpman peyi nou.

Free Downloads

Video