Facilitating Meaningful Classroom Discussions (Creole)

Flash and JavaScript are required for this feature.

Download the video from Internet Archive.

Donk, kalite klas sa a, yon klas sou lang kreyol, epi idantite nan Karayib, Se yon klas ki baze sou etidyan yo ki ap diskite.

Ou ? Nou anpil deba antre nou.

Epi youn nan teknik ke nou itilize pou deba yo vreman bay bon rannman Se ke m konn pran yon tèks, yon tèks ki ap pale, pa egzanp, de ki sa ki otantik Ki sa ki yon ekriven ki otantik.

Pa egzanp gen yon tèks ki trè selèb ki ap pale ant Chinua Achebe Ki ap pale de ekriven Afriken ki ap ekri ann Angle oubyen an Franse, an lang Ewopeyen Epi gen Ngũgĩ wa Thiong'o ki ap pale de ekriven Afriken ki dwe ekri nan lang lokal Afriken yo.

Donk, kesyon an se si ou se yon ekriven Afriken, èske ou ka otantik si w ap ekri ann Angle oubyen an Franse ? Donk, kòm nan klas la te gen timoun ki Ispanik, ki Latino men ki pa pale panyòl, Gen timoun ki Endyen, ki gen idantite Endyen, men ki pa pale okenn lang Endyen.

Donk kesyon an vin pou yo yon kesyon konkrè.

Èske yo ka vreman Latino si yo pa pale panyòl ?

Èske yo ka vreman Endyen si yo pa palen endi ?

La a, nou vin gen yon deba ki pa sèlman pale sou lide teyorik, sou tèks ki abstrè, Men ki baze sou vi timoun yo.

Ou ? Donk, sa a, chak moun gen dwa bay yon repons ki baze, non sèlman sou teyori avèk analiz ke yo aprann nan liv yo, men tou ki baze sou pwòp eksperyans pa yo.

Donk, kounye a pou w gen yon deba ki fèt byen nan kad sa a, fòk gen respè, e fòk youn lòt konfyans.

Ou pa ka ap prezante yon seri de lide ki pèsonèl si ou santi gen yon moun ki pral di : Bon, lide pa w la pa bon.

Fòk gen de deba ki fèt kote chak moun respekte lòt, Epi kounye a nou ka sèvi avèk repons chak moun pou nou kreye on analiz ki pi rich toujou.

Donk, konsa, total lan ap ‘bokou’ pi gran ke pati endividyèl yo.

Donk, sa se yon eleman ki kle.

w gen on klas ki ap deba, pou w kapab baze sou bon jan teyori, bon jan analiz, Pran repons chak moun kounye a pou w vin kreye on sòt de sentèz ki ba w on richès ki pa t la anvan.

Donk, m kwè ke nan sans sa a klas la te byen reyisi.

Free Downloads

Video